top of page

Sante Mantal, Rasin

​

Apwòch & Oryantasyon

Vodou Ayisyen gentan gen sipò etnospirityèl ak sikososyal ladan. Alekile, Prensip Minokan pa oblije patisipan yo  sèvi Vodou pour resevwa sipò sikolojik.

 

Prensip Minokan te devlope atravè yon pratik espirityèl ak etid akademik pou leve soti nan pratik Vodou yon seri de prensip fondamantal ki ka eksplike enpak li ak fòs li - menm jan ak lòt tradisyon ki fè lònè ak respè Zansèt Afriken sou kontinan lAfrik lan ak nan Dyaspora a. Prensip sa yo gen valè paske yo te reponn ak kanpe djanm devan efò kolonyal yo ki tap chèche dezumanize pèp Afriken ke leta esklavajis sa yo te kidnape ak trafike. 

 

Prensip sa yo pèmèt Zansèt nou yo fè fas ak estrikti opresyon kolonyal ak enperiyalis yo. Se ak ekspètiz Zansèt nou ke Prensip Minokan pwopoze pou nou rale eksperyans sa yo pou n navige ak reziste espas opresyon jodi a.

​​

​Mwen sèvi avèk vèvè Minokan an pou kadre prensip terapetik pratik sikolojik sila:

​

  • Entèdepandans ak entèkoneksyon

​​

  • Entegrasyon pwòp tèt nou

​​

  • Rekonèt ke pwoblèm sikolojik pa retire nan mounite ak diyite nou

​​

  • Dyagnostik Oksidantal yo kòm referans pou gide entegrasyon

​​

  • Prensip Minokan se yon apwòch somatik, eksperyansyèl ak egzistansyèl

​​

  • Prensip Minokan se yon apwòch ki entegre prensip metafizik Vodou, pa egzanp, eleman ki konstitye èt imen ak tout èt vivan.

Domèn entèvansyon gen ladan, men pa rete sou:

​

  • Eta depresyon ak/oswa enkyetid, tèt chaje

​​

  • Devlopman espiritièl ak mistik

​​

  • Dèy

​​

  • Eksperiyans rasis ak diskriminasyon

​​

  • Devlopman idantite/mounite nou

​​

  • Sivivan Vyòl/Agresyon Seksyèl

​​

  • Pwoblèm entèpèsonèl ki gen rapò ak imigrasyon

​​

​​

  • Pwoblèm fanmi ak lelvaj timoun

​​

  • Pwoblèm koup

Barnabe Solon fotograf

bottom of page