top of page

Minokan
Sante Mantal, Rasin
Sèvis
Avèk diplom Metriz nan Counselling Psychology mw, map kontinye sipèvizyon yon sikològ ki anrejistre nan Lòd Sikològ Quebec, ki soti nan kominote Ayisyen an poum asire bon kalite sèvis. Sòti nan mwa septanm 2026, m ap kòmanse yon pwogram doktora nan Lekòl Travay Sosyal nan Université de Montréal. Tèz mwen a pral konsantre sou kijan kwayans popilè, pakou migrasyon Ayisyen k ap chèche azil, sante mantal, ak eksperyans imigran yo genyen ak enstitisyon nan Kebèk yo kwaze youn ak lòt.
Fòma terapetik map ofri nan kad estaj klinik me enkli terapi endividyèl, gwoup, ak fanmi.
Detay ak frè ap disponib nan premye konsiltasyon.

Barnabe Solon fotograf
bottom of page