top of page

Sante Mantal, Rasin

​

Kiyès nou ye

Manbo Asongwe nan Vodou Ayisyen, Kay Thellot inisye an Ayiti. Li te travay pou plis pase 15 ane nan entèvansyon sikososyal ak jèn yo ak fanmi yo e li te toujou gen abitid kiltive otonòmi patisipan yo atravè kreyasyon an ak difizyon atelye adapte pou bezwen yo.

 

Ansanm ak fòmasyon espirityèl li, Kay gen yon diplòm bakaloreya nan sikoloji ansanm avèk yon diplòm Metriz nan Entèvansyon ak Sipò Sikolojik.  

​

Fondatè Prensip Minokan, Kay Thellot mete byennèt endividyèl ak kominotè desandan Afro yo nan mitan entèvansyon li yo. Li rive akonpli sa atravè yon dekolonizasyon konesans oksidantal you ak nan rale sou tradisyon Zansèt Afriken yo nou jwenn nan Vodou Ayisyen. 

Barnabe Solon fotograf

bottom of page